top of page
MLAKKAY.COM Real Logo.png

ISTWA NOU

Byenveni nan MLAKKAY.COM – Rezèvasyon San Tèt Chaje, Dekouvri Bèlte Ayiti.
Dekouvri otèl yo ak guest house yo an Ayiti — Tout sou yon sèl platfòm.

MLAKKAY.COM se yon platfòm de konfyans pou fè rezèvasyon sejou atravè Ayiti—soti Pòtoprens rive Jakmèl, Kap-Ayisyen, ak lòt kote ankò.

Nou fè li fasil pou vwayajè yo jwenn lojman otantik, epi pou pwopriyetè yo mete Guest House ak Otèl yo sou entènèt—san yo pa bezwen depanse anpil Lajan pou kreye yon sit entènèt.

  • 🌍 Eksplore pa Vil : Chwazi pwopriyete yo pa Vil

  • 🏡 Rezèvasyon Dirèk: Kontakte Pwopritè yo, gade foto yo, epi fè rezèvasyon w lan.

  • 🧳 Rete Lokal : Sipòte Ospitalite Ayisyen an epi vwayaje fasilman

  • 🏨 Ou gen yon pwopriyete? : Mete pwopriyete w la sou sit nou an Gratis—ou pa bezwen bon nan teknoloji.
     

MLAKKAY.COM fyè dèske li bati pou amelyore touris Ayisyen an—abòdab, epi santre sou kominote Ayisyen a.

Aprann plis bagay sou nou

Labadee.jpg
Labadee.jpg

JWENN KOTE POU W LOJE AN AYITI

Kit w ap chèche yon Guesthouse Konfòtab, oswa yon Otèl de Liks— Dekouvri detant ideyal ou a ak MLAKKAY.COM.

Poukisa ou dwe mete Pwopriyete w la sou MLAKKAY.COM?

  • Fè Lajan, Rete Otantik: Pataje espas ou ak istwa ou epi fè Lajan .

  • Sipò nan Plizyè Lang: Konekte ak vizitè yo an Anglè ak Kreyòl Ayisyen (Plis lang ap vini byento).

  • Yon Frè Fiks Chak Mwa ak Yon ti Komisyon: Jwi pri klè ak senp chak mwa ak peye yon ti komisyon—pa gen frè kache.

  • Enskripsyon ak Afichaj Gratis:  Mete Pwopriyete  w la gratis sou sit entènèt nou an, e Jwi 90 jou Afichaj Gratis, ak 50% rabè pandan 6 premye mwa peyan yo.

Sa Ki Fè MLAKKAY.COM Espesyal

 

MLAKKAY.COM ap redefini ospitalite an Ayiti ak yon apwòch ki inik:

Otèl ak Guesthouse

Available🟢

NRK LODGE

Guesthouse

Vaudreuil, Cap-Haïtien

Apati $90 pa nwit

Available🟢

BELO RESIDENCE

Guesthouse

Mombin lataille, Cap-Haitien

Apati $110 pa nwit

Available🟢

LE MIRAGE HOTEL

Hotel

Morne Rouge, Cap-Haitien

Apati $80 pa nwit

Telefòn mobil
Telefòn mobil

Kontakte Nou

Ki sa w vle?
Mete Pwopriyete w la
Lòt
Sitadèl.jpeg

MISYON NOU

Misyon MLAKKAY.COM se pou re bay vi a touris Ayisyen an, li konekte vwayajè yo ak pwopriyetè Guest House ak Otèl otantik yo ki nan peyi a. Nou vize pou nou bay pwopriyetè Ayisyen yo plis pouvwa atravè vizibilite dijital, aksè miltilang, ak narasyon kreyatif—bay yo zouti pou yo montre Ospitalite yo avèk fyète e pwofesyonèlman. Nou konekte kilti ak lang, MLAKKAY.COM kreye eksperyans vwayaj ki gen sans, ki anrasinen nan diyite, koneksyon nan kominote yo. Platfòm nou an se plis pase yon sit rezèvasyon—se yon mouvman pou selebre anbyans Ayiti, rezistans li, ak richès sejou lokal li yo.

bottom of page